Un message au peuple d’Haïti Toma,
As-Salaam Alaikum (Que la paix soit avec vous)!

Honorable Minister Louis Farrakhan:

Trè chè frè’m ak sèm yo ki an Ayiti, mwen trè, trè kontan e onore deske mwen pile tè sa’a, Tè sakre Ayiti’a. Tout Nwa ki nan tout peyi nan mond lan gen yon dèt de rekonesans anvers Ayiti, paske nou kreye premye republik Nwa Lib nan le mond
antye. Men pouki rezon ke nap soufri : Ennmi’an konnen déjà kisa’n te fè an 1804 e nou ka fè’l anko. Alo kelke swa sete La France, l’Angleterre ou byen l’Amerique nan tout pale yap pale’a, sa’n konnen se ke yo pa vle pou Haiti kanpe anko.
Bib la aprann nou, men pouki rezon nou nan situasyon sa’a. «Pep mwen’an ap peri paske yo pa gen konesans. » Se pa paske po nou nwa ; men se paske pa gen konesans de tèt nou ki ka libere espri nou anba dominasyon ennmi’an. Kiyes nou ye, Ayisyen ?

Poukisa nou nwa ?

Ennmi’an fe’n konprann ke, nou nwa paske se malediksyon BonDye. Nou sot nan vant manman nou pou’n nou sèvi lot yo
nan koupe bwa, bote dlo elatriye. Sepandan nou pa Nwa paske se yon maladiksyon non, nou Nwa paske nou se premye Pep sou Tè’a. Bib la aprann nou ke O’komansman te gen fènwa, epi apre vinn gen lumyè. Donk te gen Nwa avan e blan
vinn parèt apre. Nou se komansman e lafen (Bib la rele’l Alfa e Omega.) Nou pat vinn sou zile sa’a ki se yon gran nasyon ki tap chèche « Libète ». Yo te mennen papa nou yo isi’a nan tou bato negriye pou yo te sèvi kom esklav Gran Peyi Oksidantal yo.
Yo pat janm te gen lentansyon libere nou anba dominasyon yo. Lè kolon Franse yo te rive isi’a, yo chanje non Afriken nou yo, retire lang Afriken nou yo, jete kultur Afriken nou’an e yo fose nou aprann lang payo’a, kultur pa yo, relijyon pa yo pou’n te ka adore yo tankou yo se BonDye.

Tout le discours